Skip Navigation

DVD Ilustrado Multilíngue

The Biology of Prenatal Development




JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


 

Baixar Versão em PDF  O Que é PDF?
 

Um Embrião de 8 Semanas

Capítulo 30   8 Semanas: Desenvolvimento do Cérebro

Sou 8 semèn sèvo a byen devlope e poukont li, li peze prèske mwatye nan pwa total anbriyon an.

Anbriyon an devlope nan yon vitès ki estrawòdinè.

Capítulo 31   Característica de Destro e Canhoto

Sou 8 semèn, 75% anbriyon an sèvi ak bò dwat sa vle di li dwatye. Mwatye nan rès kò a sèvi ak bò goch, ki goche e mwatye ki sèvi ak de men. Se premye endikasyon ki demontre si anbriyon an goche oubyen si l dwatye.

Capítulo 32   Virar

Gen liv pedyatri ki fè kwè yon bebe gen kapasite pou l " vire bò " ant 10 ak 20 semèn apre l fin fèt. Sepandan, mouvman enpresyonan nan sa a kòmanse depi lè timoun nan te anndan sak likid amnyotik la kote fòs gravitasyon an fèb. Sèl rezon ki fè bebe a pa ka vire bò lè l fin soti nan matris la, se paske fòs gravitasyon an twò fò pou li.

Anbriyon an vin fè plis mouvman pandan peryòd sa a.

Mouvman l yo kapab lan oubyen rapib, swa l fè yo yon sèl fwa oubyen li kontinye fè yo, konsa tou li ka fè yo pa reflèks.

Li vire tèt li, li lonje kou l e li mayen figi l pi souvan.

Si yo touche anbriyon an, sa ap fè l mare figi l, sa ap fè l bouje machwè l, sa ap fè l li fèmen ponyèt li, e sa ap fè l bouje zòtèy li.

Capítulo 33   Fusão da Pálpebra

Ant 7 ak 8 semèn, ni popyè ki anwo je l, ni popyè ki anba je l gwosi rapidman e yo kole ansanm pou yon moman.

Capítulo 34   Movimento de Respiração e Micção

Sou 8 semèn, kwak pa gen lè anndan matris la, tanzantan, anbriyon an fè mouvman kòmsi l ap respire.

Nan moman sa a, ren yo fè pipi nan likid amnyotik la.

Si anbriyon an se yon tigason, ti boul grenn ki an devlopman yo kòmanse bay testostewòn.

Capítulo 35   8 a 9 Meses (32 a 36 Semanas): Formação dos Alvéolos, Segurar com Força, Preferências de Gosto

Zo yo, atikilasyon yo, mis yo, nè yo ansanm ak veso san ki nan manm yo sanble ak pa gramoun yo anpil.

Sou 8 semèn, epidèm nan, oubyen po pa deyò a, vin tounen yon manbràn ki gen plizyè kouch, e li prèske pa transparan ankò.

Sousi yo kòmanse parèt e ti plim kòmanse pouse arebò bouch li.

Capítulo 36   Resumo das Primeiras 8 Semanas

Sou 8yèm semèn nan, peryòd anbriyon an fini.

Pandan 8 semèn sa yo, anbriyon an soti nan stad yon ti grenn selil, li vin transfòme an prèske yon milya selil ki fòme plis pase 4 000 estrikti anatomik diferan.

Kounye a, anbriyon an posede plis pase 90% nan estrikti ki egziste nan kò granmoun.