| |
Capítulo 1 Introdução
|
| |
| Kalite travay ki pèmèt yon sèl
ti grenn selil ki rele zigòt
miltipliye pou l bay san mil milya
selil nan kò yon granmoun
se petèt pi gwo fenomèn
ki genyen nan lanati.
|
| Chèchè yo vin dekouvri
anpil nan fonksyon òdinè
kò yon moun ranpli
te deja etabli depi lè l
te nan vant manman l,
e gen nan fonksyon sa yo ki te kòmanse
lontan anvan l te sot deyò.
|
| Nou vin pi byen konprann
peryòd yon timoun ap
devlope anvan l fèt
se yon peryòd preparatwa
kote kò l pran tout fòm li,
e kote li ap aprann
sèvi ak kapasite l,
yon seri de bagay li bezwen pou l
ka kontinye viv l apre l fin fèt.
|
Capítulo 2 Terminologia
|
| Peryòd yon fi fè ansent dire
nòmalman 38 semèn aviwon
e sa kòmanse depi lè
fegondasyon an fèt
pou fini lè tibebe a soti deyò.
|
| Pandan 8 premye semèn ki
vini apre fegondasyon an,
yo rele timoun ki an
devlopman an anbriyon,
yon mo ki vle di
" grandi anndan ".
Yo rele stad devlopman
sa a peryòd anbriyon,
e se pandan peryòd sa a
system ki pi enpòtan yo fòme.
|
| Soti apre peryòd 8 semèn nan
pou rive lè timoun nan pral soti
" yo rele timoun ki
an devlopman an fetis ",
yon mo ki vle di
" timoun ki poko fèt ".
Yo rele peryòd sa a
peryòd fetis,
e se lè sa a kò a vin pi gwo e
systèm li yo kòmanse fonksyone.
|
| Tout peryòd yo mansyone
nan pwogram sa a
swa peryòd anbriyon oubyen peryòd fetis,
kòmanse depi lè fegondasyon an te fèt.
|