| |
O Período Fetal (8 semanas até o Nascimento)
Capítulo 37 9 Semanas: Engole, Suspira e se Estica
|
| |
| Peryòd fetis la kontinye
pou jiskaske bebe a sot deyò.
|
| Sou 9 semèn, fetis la
kòmanse souse pous li
e li ka vale nan likid amnyotik la.
|
| Konsa tou, fetis la ka ponyen yon objè,
li ka bouje tèt li annavan
oubyen annaryè
li ka ouvri machwè l, li ka tire lang li,
li ka fè soupi, li ka detire kò l.
Ni reseptè nève ki nan figi l yo,
ni pla men l,
ni plan pye l
vin sensib si w touche yo.
" Si yo touche anba plan pye l ",
li ka koube hanch li, li ka pliye jenou l
e li ka bouje zòtèy li yo.
|
| Pòpyè yo fèmen nèt kounye a.
|
| Nan larenks la, gen ligaman vwa ki parèt,
sa ki demontre
kòd vokal li yo ap devlope.
|
| Si fetis la se yon fi,
ou ka wè matris li
e gen selil repwodiksyon
ki pa ko fin devlope,
yo rele yo " ovogoni ",
k ap miltipliye anndan ovè a.
Ògàn jenital ki pa deyò yo
kòmase fè w wè
si fetis la se yon fi
oubyen si se yon gason
|
Capítulo 38 10 Semanas: Revira os olhos e Boceja, Unhas e Impressões Digitais
|
| |
| Ant 9 ak 10 semèn, fetis la
fè yon sèl kout devlope,
sa ki fè pwa kò l
ogmante plis pase 75%.
|
| Sou 10 semèn, li ka bouje popyè
ki anwo je a,
sa ki fè li ka vire je l anba.
Fetis la baye souvan,
li ouvri bouch li souvan.
|
| Pifò fetis souse pous dwat yo.
Pòsyon trip ki nan kòd lonbrik la
ap retounen nan twou vant lan.
|
| Pifò nan zo yo deja kòmanse ap fòme.
|
| Zong dwèt li ak zong zòtèy li
kòmanse fòme.
|
| Anprent dwèt li parèt
10 semèn apre fegondasyon an.
Yo ka sèvi ak enprent li yo
pou identifye l pandan tout vi l.
|
Capítulo 39 11 Semanas: Absorve Glicose e Água
|
| |
| Sou 11 semèn,
nen an ak po bouch yo fin fòme nèt.
Ogàn sa yo ap gen pou yo sibi chanjman
nan chak etap nan lavi yon moun,
men jan sa fèt
pou tout lòt pati ki nan kò a.
|
| Trip yo kòmanse absòbe glikoz avèk dlo
fetis la vale.
|
| Menmsi se depi nan fegondasyon
sèks timoun nan gentan fikse,
men pati jenital li yo
kapab pèmèt ou wè, kounye a,
si se yon tifi oubyen si se yon tigason.
|