| |
Capítulo 40 3 a 4 Meses (12 a 16 Semanas): Papilas Gustativas, Movimento de Mandíbula, Reflexo de Sucção, Percepção dos Primeiros Movimentos do Feto
|
| |
| Ant 11 ak 12 semèn,
pwa fetis la ogmante prèske 60%.
Premye trimès
fi a ansent lan
fini apre douz semèn.
|
| Kounye a, anndan bouch timoun nan kouvri
ak ti boujon ki pèmèt li distenge gou.
|
| Distans pou l sot deyò,
se sèlman sou lang li ak nan palè
bouch li boujon sa yo ap ye.
|
| Fetis la kòmanse poupou
kou l rive sou 12 semèn
e l kontinye pandan apeprè 6 semèn.
Premye ti poupou ki soti nan kolon l,
ni lè li nan stad fetis,
ni lè li sot deyò, yo rele l mekonyòm.
Li gen ladan l
anzim li te dijere,
pwoteyin ak selil ki mouri,
selil sistèm dijesyon an elimine.
|
| Sou 12 semèn, manm anwo kò a
prèske fin pran tout gwosè pou yo pran
pa rapò ak tout kò a.
Manm ki anba yo pran plis tan
pou yo fin gwosi.
|
| Tout kò fetis la ka reyaji
si yo touche l lejèman,
apa de do l ak anlè tèt li.
|
| Se premya fwa fetis la
kòmanse devlope
swa antake fi ou antake gason.
Pa egzanp, fetis fi yo
fè plis mouvman ak machwè yo
pase fetis gason yo.
|
| Anvan nou te wè anbriyon an
ap rale tèt li si yo touche bouch li,
kounye a, sa fè l vire tèt li
kot bagay ki touche l la
e l ap ouvri bouch li.
Yo rele reflèks sa a
" reflèks pwen kadinal "
e sa kontinye apre bebe a fin fèt.
Se sa ki pèmèt li jwenn
kote pwent tete manman l ye
lè l ap ba l tete.
|
| Tank machwè l ap pran grès,
se tank figi l ap devlope
e dan yo kòmanse devlope.
|
| Sou 15 semèn, selil souch ki
pral fòme san an parèt
e yo miltipliye anndan mwèl zo yo.
Se la a pifò selil san yo fòme.
|
| Menmsi anbriyon an te kòmanse
fè mouvman depi sou sis semèn,
men premye fwa yon fi ki ansent
ka santi mouvman fetis la fè,
se ant 14 ak 18 semèn.
Tradisyonèlman, yo rele sa
manifestasyon lavi.
|