| |
Capítulo 41 4 a 5 Meses (16 a 20 Semanas): Resposta ao Estresse, Verniz Caseoso, Ritmos Circadianos
|
| |
| Sou 16 semèn,
pafwa yo konn pike
vant fetis la ak yon egui
e sa fè òmòn li yo
santi presyon an,
sa ki koz li lage noradrenalin
oubyen norepinefrin
nan sikilasyon san an.
Se menm jan an tibebe
avèk granmoun reyaji
lè yo foure yon bagay nan po yo.
|
| Nan sistèm respirasyon an,
sistèm bwonch yo prèske fin fòme nèt.
|
| Kounye a, gen yon grès blanch
ki rele vèniks kasewosa
ki kouvri fetis la.
Vèniks lan pwoteje po a
yon fason pou likid amnyotik la
pa grate l.
|
| Apati de 19yèm semèn nan,
chak jou, fetis la fè mouvman,
li respire e kè l bat
daprè yon woutin
yo rele rit sikadyen.
|
Capítulo 42 6 a 7 Meses (24 a 28 Semanas): Reflexo Cócleo-Palpebral e de Sobressalto; Pupilas Respondem à Luz; Olfato e Paladar
|
| |
| Sou 20 semèn, kochle a,
ògàn ki pèmèt moun tande a,
pran menm gwosè ak kochle yon granmoun,
anndan zòrèy ki pa anndan an
ki fin devlope nèt.
Apati de moman sa a,
fetis la rekonèt
yon pakèt kalite bri.
|
| Cheve kòmanse pouse nan po tèt la.
Po a pran tout kouch li ansanm ak
tout eleman ki konpoze l nèt,
sa ki gen ladan l ti plim
ki kouvri po a ansam ak glann yo.
|
| Sou 21 a 22 semèn
apre fegondasyon an,
poumon yo kòmanse ka respire.
Nan moman sa a, yo konsidere
timoun gen laj pou l ret an vi,
paske gen fetis ki ka reyisi viv
si yo pa anndan matris la ankò.
Gen anpil pwogrè lamedsin fè
ki pèmèt yon timoun ki fèt anvan lè
kontinye viv.
|