| |
Capítulo 43 5 a 6 Meses (20 a 24 Semanas): Responde ao Som; Cabelo e Pele; Idade de Viabilidade
|
| |
| Rive sou 24 semèn,
pòpyè yo ouvri ankò
e sa fè fetis la bat je l
tankou yon moun ki sote.
Se konsa fetis la reyaji lè l tande
yon bri ki fò e ki siprann li.
An jeneral, reyakyon sa a fèt
pi bonè nan fètis la si se yon tifi.
|
| Anpil chèche di si fetis la
tande gwo bri,
sante l ap peye sa.
Men kèk nan konsekans
sa ap bay menm kote a :
kè l ap bat pi vit pandan twòp tan,
l ap vale twòp,
konpòtman l ap chanje twò rapid.
Pi devan, sa ka fè l vin soud.
|
| Sa ka menm fè l esoufle
jiska 44 fwa pa minit.
|
| Pandan 3 dènye mwa gwosès la,
sèvo a devlope tèlman rapid,
li pran plis pase 50% nan enèji
fetis la genyen.
Pwa sèvo a ogmante ant 400 ak 500%.
|
| Rive sou 26 semèn,
je l kòmanse fè dlo.
Reyon limyè fè pòpyè yo bat kou
fetis la rive sou 27yèm semèn nan.
Se reyaksyon sa a ki kontwole
kantite limyè
retin nan ka tolere
pandan tout vi l.
|
| Tout element ki pèmèt
fetis la pran sant ap fonksyone.
Etid yo fè sou bebe
ki fèt anvan lè yo
demontre yo gen kapasite
pou yo pran sant
kou yo rive sou 26 semèn
apre fegondasyon an.
Si yo mete yon bagay ki dous
nan likid amnyotik la,
sa ap fè fetis la vale pi souvan.
Sepandan, si yo mete
yon bagay anmè ladan l,
sa ap fè fetis la vale mwen souvan
e sa ap fè l grimas byen souvan.
|
| Fetis la fè piwèt ak pye l
tankou yon moun
k ap fè mouvman pou l mache.
|
| Gen grès k ap antre anba po a
e sa fè po a vin pi lis.
Pou kò fetis la ka rete
nan yon bon tanperati
e pou kò a ka konsève enèji apre l sot
deyò grès kò a jwe yon gwo wòl nan sa.
|
Capítulo 44 7 a 8 Meses (28 a 32 Semanas): Discriminação de Sons, Estados Comportamentais
|
| |
| Rive sou 28 semèn
fetis la ka distenge
bri ki fò ak bri ki ba.
|
| Sou 30 semèn, fètis rale souf li
pi souvan e nan ka yon fetis mwayen,
sa pase pandan 30 ak 40%
nan peryòd fetal la
|
| Pandan 4 dènye mwa gwosès la,
fetis la antre nan yon woutin
kote li gen lè li travay,
li gen lè li repoze.
Jan li konpòte l la yo
demontre li gen
yon sistèm neve santral
ki konplèks e
k ap kontinye devlope.
|
Capítulo 45 Os Membros e a Pele
|
| |
| Sou apeprè 32 semèn,
gen vrè alvewòl,
oubyen selil ki gen " pòch" lè,
ki kòmanse devlope nan poumoun yo.
Y ap kontinye fòme
jiskaske timoun nan gen 8 an.
|
| Sou 35 semèn, fetis la ka kenbe
yon bagay nan men l byen di.
|
| Samble si yon fetis absòbe
plizyè kalite manje,
sa ka fè gen gou li prefere
pase lòt apre l sot deyò.
Pa egzanp, si fi
ki ansent lan manje anis,
yon bagay ki fè likè gen gou,
lè timoun nan sot deyò,
l ap renmen anis.
Tibebe ki pa t absòbe anis
lè l te nan vant, pa renmen anis.
|
Capítulo 46 9 Meses até o Nascimento (36 Semanas até o Nascimento)
|
| |
| Fetis la bay yon bon kantite
òmòn ki rele estwojèn,
sa ki fè travay akouchman an kòmanse
e se konsa timoun nan kòmanse soti nan
stad fetis pou l pase nan stad tibebe.
Lè kòmanse gen gwo kontraksyon nan
matris la, sa montre travay la kòmanse,
e sa pral abouti nan akouchman an.
|
| Soti depi sou fegondasyon an pou rive
lè bebe a fèt, e menm apre sa,
kò yon moun devlope yon fason ki djanm,
ki konplèks e ki toujou ap kontinye.
Dekouvèt yo fenk fè konsènan
kalite bèl fenomèn sa a,
kontinye demontre jan yon moun
devlope lè l te nan stad fetis
gen efè sou sante l pandan tout vi l.
Tank n ap vin pi byen konprann
jan yon timoun devlope nan vant,
se tank n ap vin anmezi
pou nou amlyore sante moun,
ni anvan, ni apre yo fèt.
|