| |
Desenvolvimento Embrionário: 4 a 6 Semanas
Capítulo 11 4 Semanas: Líquido Amniótico
|
| |
| Sou 4 semèn,
amnyòs la, ki transparan,
fèmen anbriyon an
nan yon sak ki plen ak likid.
Likid sa a pwòp,
li rele likid amnyotik,
li pwoteje anbriyon an.
|
Capítulo 12 O Coração em Ação
|
| |
| An jeneral, kè a bat
anviwon 113 fwa pa minit.
Remake chak tan kè a bat,
san k ap antre soti nan
twou kè a fè l chaje koulè.
Anvan timoun nan fèt,
kè a ap bat apeprè 54 milyon fwa.
Sou yon peryòd 80 tan,
l ap bat plis pase 3,2 milya fwa.
|
Capítulo 13 O Crescimento do Cérebro
|
| |
| Piske aspè
devan sèvo a,
mitan sèvo a
ak dèyè sèvo a chanje,
sa montre sèvo a ap devlope rapidman
|
Capítulo 14 Brotos dos Membros
|
| |
| Sou 4 semèn, boujon manm yo parèt
e se konsa manm anwo yo
ak manm anba yo kòmanse devlope.
|
| Nan etap sa a, po a transparan
paske li gen epesè yon grenn selil.
Tank po a ap vin pi epè,
se tank li pap transparan ankò,
Sa vle di, se pandan
anviwon yon mwa sèlman
n ap ka gade jan ògàn
ki anndan yo ap devlope.
|
Capítulo 15 5 Semanas: Hemisférios Cerebrais
|
| |
| Ant 4 ak 5 semèn
sèvo a kontinye devlope
byen rapidman
e li divize an 5 seksyon diferan.
Tèt la reprezante anviwon 1/3
nan gwosè anbriyon an.
Boul sèvo yo parèt
e yo vin fòme pati
ki pi gwo nan sèvo a.
Men kèk nan fonksyon boul ki nan sèvo a
ap gen pou yo kontwole :
kapasite pou moun nan panse,
pou l aprann,
pou l sonje, pou l pale, pou l wè,
pou l tande, pou l fè mouvman li vle
e pou l rezoud pwoblèm.
|
Capítulo 16 Vias Respiratórias Principais
|
| |
| Nan systèm respirasyon an,
bwonch souch prensipal dwat
ak bwonch souch
prensipal goch yo parèt
e yo gen pou yo fè
trache a
kole ansanm an ak poumoun yo.
|
Capítulo 17 Fígado e Rins
|
| |
| Ou wè yon kè k ap bat e
gade jan mas fwa a
plen vant ki bò kote l la.
Sou 5 semèn, ren ki pèmanan yo parèt.
|
Capítulo 18 Saco Vitelino e Células Germinativas
|
| |
| Sak lonbrik la gen ladan l
premye selil repwodiksyon yo
yo rele yo selil jèminal.
Sou 5 semèn,
selil jèminal sa yo al abite
anndan ògàn repwodiksyon
ki bò kote ren yo.
|
Capítulo 19 Placas da Mão e Cartilagem
|
| |
| Toujou sou 5 semèn,
anbriyon an fòme zo pla men yo
e katilaj yo kòmanse fòme
sou 5 semèn edmi.
La a n ap gade pla men
ansanm ak ponyèt goch la
sou 5 semèn ak 6 jou.
|