| |
Desenvolvimento Embrionário: 6 a 8 Semanas
Capítulo 20 6 Semanas: Movimento e Sensação
|
| |
| Sou sizyèm semèn nan,
boul sèvo yo pran devlope
pi rapid lontan pase
lòt seksyon ki nan sèvo a.
Anbriyon an
kòmanse fè mouvan pa reflèks
Tip mouvman sa a yo nesesè
pou nè yo ka devlope
pa rapò ak mis yo nòmalman.
|
| Si yo touche zòn bouch anbriyon an,
sa ap fè l rale tèt li menm kote a.
|
Capítulo 21 A Orelha Externa e a Formação de Célula Sanguínea
|
| |
| Zòrèy ki pa anndan an
kòmanse pran fòm li.
|
| Sou 6 semèn,
selil san yo ap fòme
anndan fwa a
kote lenfosit yo deja twouve yo.
Tip globil blan sa yo
se yon pati enpòtan nan devlopman
sistèm defans kò a.
|
Capítulo 22 O Diafragma e os Intestinos
|
| Dyafram nan,
mis presipal kò a sèvi pou l respire,
prèske fin fòme
sou sizyèm semèn nan.
|
| Kounye a, gen yon pati nan trip la
ki antre kò l pou yon ti moman
nan kòd lonbrik la.
Se yon etap ki nòmal,
sa rele èniyasyon fizyolojik,
e se sa ki pèmèt gen plas
pou lòt ògàn ki nan vant la devlope.
|
Capítulo 23 Placas da Mão e Ondas Cerebrais
|
| |
| Sou 6 semèn, pla men an
vin yon ti jan plat.
|
| Gen ond sèvo ki parèt
sou sis semèn ak 2 jou.
|
Capítulo 24 Formação do Mamilo
|
| |
| Pwen tete yo kòmanse parèt
akote twon kò a
yon tikras tan avan yo fin
pran plas definitif yo
sou lestomak la.
|
Capítulo 25 Desenvolvimento dos Membros
|
| |
| Sou 6 semèn ½,
ou ka wè chak koud,
dwèt yo kòmanse detache,
e w ka wè men yo k ap fè mouvman.
|
| Zo yo kòmanse fòme,
yo rele sa osifikasyon,
e sa kòmanse anndan klavikil la,
(zo kou)
ak nan zo ki nan pati anwo
ak pati anba machwè a.
|
Capítulo 26 7 Semanas: Soluços e Resposta a Susto
|
| |
| Yo remake anbriyon an
fè wokèt sou 7 semèn.
Kounye a, ou ka wè pye yo
k ap fè mouvman reflèks
|
Capítulo 27 O Coração Desenvolvido
|
| |
| Kè a sanse fin fòme
ansanm ak 4 twou ki anndan l yo.
Kounye a, kè a bat
167 fwa pa minit an mwayèn.
Aktivite elektrik ki kòmanse fèt
nan kè a sou 7 semèn ½
sanble ak aktivite ond elektrik yo fè
nan kò yon granmoun.
|
Capítulo 28 Ovários e Olhos
|
| |
| Si anbriyon an se yon fi,
ou ka distenge ovè l yo sou 7 semèn.
|
| Ou ka wè retin je ak tout koulè l
byen fasil sou 7 semèn edmi
e pòpyè yo
kòmanse devlope rapidman.
|
Capítulo 29 Dedos das Mãos e dos Pés
|
| |
| Dwèt yo detache
e se nan baz pye a sèlman
zòtèy yo kole ansanm.
|
| Yon men ka touche lòt men an,
yon pye ka touche lòt pye a.
Atikilasyon jenou yo deja egziste tou.
|