| |
Um Embrião de 8 Semanas
Capítulo 30 8 Semanas: Desenvolvimento do Cérebro
|
| |
| Sou 8 semèn sèvo a
byen devlope
e poukont li, li peze prèske mwatye
nan pwa total anbriyon an.
Anbriyon an devlope
nan yon vitès ki estrawòdinè.
|
Capítulo 31 Característica de Destro e Canhoto
|
| |
| Sou 8 semèn, 75% anbriyon an
sèvi ak bò dwat sa vle di li dwatye.
Mwatye nan rès kò a
sèvi ak bò goch,
ki goche e mwatye ki sèvi ak de men.
Se premye endikasyon ki demontre
si anbriyon an goche oubyen si l dwatye.
|
Capítulo 32 Virar
|
| |
| Gen liv pedyatri ki fè kwè
yon bebe gen kapasite pou l " vire bò "
ant 10 ak 20 semèn apre l fin fèt.
Sepandan, mouvman enpresyonan nan sa a
kòmanse depi lè timoun nan
te anndan sak likid amnyotik la
kote fòs gravitasyon an fèb.
Sèl rezon ki fè bebe a pa ka vire bò
lè l fin soti nan matris la,
se paske fòs gravitasyon an
twò fò pou li.
|
| Anbriyon an vin fè plis mouvman
pandan peryòd sa a.
Mouvman l yo kapab lan oubyen rapib,
swa l fè yo yon sèl fwa
oubyen li kontinye fè yo,
konsa tou li ka fè yo pa reflèks.
Li vire tèt li, li lonje kou l
e li mayen figi l
pi souvan.
|
| Si yo touche anbriyon an,
sa ap fè l mare figi l,
sa ap fè l bouje machwè l,
sa ap fè l li fèmen ponyèt li,
e sa ap fè l bouje zòtèy li.
|
Capítulo 33 Fusão da Pálpebra
|
| |
| Ant 7 ak 8 semèn, ni popyè ki anwo je l,
ni popyè ki anba je l
gwosi rapidman e
yo kole ansanm pou yon moman.
|
Capítulo 34 Movimento de Respiração e Micção
|
| |
| Sou 8 semèn, kwak pa gen lè
anndan matris la,
tanzantan, anbriyon an fè mouvman
kòmsi l ap respire.
|
| Nan moman sa a, ren yo fè pipi
nan likid amnyotik la.
Si anbriyon an se yon tigason,
ti boul grenn ki an devlopman yo
kòmanse bay testostewòn.
|
Capítulo 35 8 a 9 Meses (32 a 36 Semanas): Formação dos Alvéolos, Segurar com Força, Preferências de Gosto
|
| |
| Zo yo, atikilasyon yo, mis yo, nè yo
ansanm ak veso san ki nan manm yo
sanble ak pa gramoun yo anpil.
Sou 8 semèn, epidèm nan,
oubyen po pa deyò a,
vin tounen yon manbràn
ki gen plizyè kouch,
e li prèske pa transparan ankò.
Sousi yo kòmanse parèt e ti plim
kòmanse pouse arebò bouch li.
|
Capítulo 36 Resumo das Primeiras 8 Semanas
|
| |
| Sou 8yèm semèn nan,
peryòd anbriyon an fini.
Pandan 8 semèn sa yo,
anbriyon an soti nan stad
yon ti grenn selil,
li vin transfòme an prèske
yon milya selil
ki fòme plis pase
4 000 estrikti anatomik diferan.
Kounye a, anbriyon an posede
plis pase 90% nan estrikti
ki egziste nan kò granmoun.
|